Entèferans Elektoral Bay Kè Sote Ozetazini

Foto Achiv: Sant Elektoral nan Freeport, Nouyok, 26 Mas, 2024.

2 rapò ki pibliye semèn sa a bay gwo kè sote sou ogmantasyon nan jefò pou gate eleksyon prezidansyèl Etazini an. Yo di manipilasyon enfòmasyon, zak vyolans politik ak kraponaj ogmante anpil.

Elektè Ameriken yo ap fè fas deplizanpli ak aktè nasyonal kap pwopaje fo enfomasyon anvan eleksyon prezidansyèl la. Se sa oganizasyon dwa moun Freedom House di nan rapo li sou vilnerabilite elektoral.

Kian Vesteinsson se analis pi wo plase oganizasyon an.

"Moun Ozetazini ap konsidere teryori konplo ak fo enfo politik. Yon afè 70% Repibliken ak elektè ki gen tandans Repibliken pran nan pyèj teyori ki di rezilta eleksyon 2020 an pat lejitim. Kounyea, anvan 2024 nou wè tèm sa a reparèt e domine."

Kraponaj an liy ak arsèlman otorite elektoral yo ogmante tou - ansanm ak zak vyolans politik dapre misye.

"Nou konstate kandida politik kap sibi atak direk epitou gen tantativ asasina kont ansyen Prezidan Trump. Pawol rayisman krim rayisman kont moun defavorize ogmante tou."

Tandiske entrastrikti elektoral la pwoteje, atak sibè bay kè sote.

" Sib pi vilnerab yo se kanpay ak sit wèb ki bay moun enfo sou eleksyon an."

FBI ap envestige aktyèlman yon atak pirat swadizan Iranyen lanse kont kanpay Trump ak Biden Harris yo.

Konpayi sibè sekirite Recorded Future rapote yon ogmantasyon tantativ enfiyans bo kote Iran, Larisi ak Lachin. Pami yo gen itilizasyon entelijans atifisyèl pou devlope atik ki pa otantik ke yo pibliye sou fo sit nouvèl ki fè yo parèt tankou bon jan medya.

Sean Minor travay pou Recorded Future

"Pou entwodui pati pri nan kotni politik ki favorize yon pati an patikilye yo kreye kontni ki korespon ak objektif jeyo-politik gouvenman an e se konsa yo avanse enterè yo vizavi kandida ki ka pi ede yo si l ranpote eleksyon an."

Eske jefo yo jwenn siksè?

" Nou pa gen done ki sigjere operasyon sa yo gen enpak sou rezilta eleksyon an istorikman palan."

Sepandan, yo ankouraje elektè Ameriken yo rete vijilan epi mefye atik ki gen fot frap ke yo kontre sou wèb la ki taka montre yo fo.

Jounalis VOA Veronica Balderas Iglesias ekri vesyon orijinal repotaj sa a