TikTok Rejte Agiman Depatman Jistis Etazini ke Li Pa Jwi Pwoteksyon 1e Amandman an

Foto Achiv: Logo TikTok la sou yon telefon entelijan, 18 Mas, 2023.

TikTok rejte agiman kòm kwa Premye Amdandman konstitisyon Etazini pa pwoteje yo. Premye amandman an gen pou wè ak libète la pawòl.

Depatman Jistis Etazini deklare nan yon dokiman legal li pibliye mwa pase a, ke pwopriyetè TikTok la, konpayi Chinwaz ByteDance, ansanm ak branch entènasyonal ak Ameriken rezo sosyal yo - pa jwi pwoteksyon Premye Amandman an bay.

Depatman Jistis la prezante agiman sa a nan yon pwosè ant Etazini ak TikTok ki gen rapò ak yon lwa federal ki taka debouche sou entèdiksyon app popilè a.

Avoka TikTok yo deklare nan dokiman legal yo prezante Jedi ke branch Ameriken platfòm nan pa oblije vag sou dwa konstitisyonèl li senpman paske li gen yon pwopriyetè etranje.

Avoka yo tire yon paralèl ant TikTok ak lòt rezo nouvèl ki gen renome tankou pa egzanp Politico ak Business Insider, ki se pwopriyete yon Alman.