Hamas di Fòk Akò Seselfe a Gen Ladan Retrè Konplè Fòs Izrayelyen yo nan Gaza

팔레스타인 가자지구에서 먹을 것을 받기 위해 몰려 있는 사람들 (자료사진)

Gwoup Islamis Palestinyen Hamas ki gouvène Gaza repete Jedi ke yon akò pou sispann goumen nan teritwa a dwe mache ansanm ak retrè fòs lame Izrayelyen yo.

Diskisyon pou jwenn yon antant pou kanpe batay yo reprann nan Doha, kapital peyi Katar.

Hossan Badran, yon gwo dirijan Hamas, deklare "Pou nenpòt akò abouti nan yon kanpe goumen, fòk li prevwa pou Izrayèl wete tout fòs li nan Gaza e kite tout moun deplase yo retounen lakay yo”.