Ki sa ou dwe konnen sou Arestasyon Tim Walz an 1995 Poutèt Li Tap kondwi Wouj Anba Tafya

Election 2024 Walz

MINNEAPOLIS (AP) —Gouvènè eta Minnesota Tim Walz, ki kandida pati Demokrat la pou Vis Prezidan nan pwochen eleksyon prezidansyèl la, te jwenn arestasyon li paske li tap kondwi sou an 1995 nan eta Nebraska.

Aksyon sa te pase lontan anvan li te antre nan politik, men atansyon retounen sou dosye sa a ankò.

Walz, ki te gen 31-nan, te pwofesè lè yo te kanpe li nan lannwit 23 septanm 1995, toupre Chadron, Nebraska.

Li te plede koupab nan mwa Mas 1996 apre yo te redwi akizasyon an nan nivo yon neglijans dèyè volan.

Arestasyon li a pa te jwenn anpil atansyon lè li te premye kandida pou Kongrè an 2005. Walz di ke li kite bwè apre arestasyon li a.

Bwason ke li plis bwè kounye a se Diet Mountain Dew.