Lame Ris la di li "Dejwe" yon Nouvo Atak Ikrenyen nan Kursk

Ukrainian armored military vehicles drive from the direction of the border with Russia, in the Sumy region, on Aug. 13, 2024.

Ministè Defans Ris la te di Madi ke li te "dejwe" nouvo atak Ikrenyen nan rejyon fwontyè li a nan Kursk, kote Ikrenyen ap lanse atak ofansiv depi yon semèn.

Ministè Defans Ris la di fos li yo refoule yon jefo twoup Ikrenyen yo tap fè pou yo gaye pi plis nan rejyon Kursk Larisi a.

Yon responsab ministè afè etranjè Ikrenyen an deklare madi ke Kyèv pa gen okenn entansyon pou l ta okipe teritwa Ris nan operasyon sa a ki vlope ak anpil sekrè.

Ministè defans Ris la di inite lame a, nouvo rezèv avyon lame ak ekip dron ak atiyri te refoule twoup blende Ikrenyen yo ki tap vanse pi fon nan teritwa Ris.

Yon pot pawol Ministè Afè Etranjè Ikrenyen an di operasyon an ki te travèse fwontyè a pou antre Larisi te gen kom bi pou pwoteje teritwa Ikrenyen kont atak lon pote Larisi ap lanse depi Kursk. Li ajoute ke Ikrèn pa enterese nan pran rejyon Kursk la nan men Larisi.