ABC Konfime ke Pwal gen Deba Prezidansyèl Trump-Harris 10 Septanm

A combination picture shows Republican presidential nominee and former U.S. President Trump and U.S. Vice President and Democratic presidential candidate Harris

ABC pral òganize yon deba prezidansyèl ant kandida Repibliken Donald Trump ak Demokrat Kamala Harris nan dat 10 septanm, dapre sa rezo televizyon ameriken an konfime jedi 8 Dawout la.

ABC di sou rezo sosyal X ke "Vis Prezidan Harris ak ansyen Prezidan Trump, yo tou 2 konfime yo ap prezan" nan Deba Prezidansyèl la.