Larisi Deklare yon Ijans 'Nivo Federal' nan Kursk Akoz Atak Ikrenyen yo

Sekouris yo ak solda pouse yon machin ki andomaje apre yon misil Ris frape yon sipemache nan Kostiantynivka nan rejyon Donetsk, Ikren, 9 Out, 2024.

Larisi deklare yon ijans nan "nivo federal" nan rejyon Kursk la apre yon kokenn chenn atak Ikrèn lanse. Larisi oblije voye twoup al ranfòse liy de fwon an.

Anons la vini 4 jou apre plizyè santèn twoup Ikrenyen te travèse fwontyè a nan sa obsèvatè yo kwè se pi gwo atak Kyèv lanse sou sòl Ris depi lagè a te komanse.

Otorite yo nan ès Ikren pandansetan, di yon avyon Ris lanse yon misil epi frape yon sant d acha Vandredi maten.

Omwens yon douzèn moun mouri epi 44 lòt blese. Sant d acha a sitye nan katye rezidansyèl vil la.

Moun te ka wè gwo nuaj lafimen nwa kap monte apre atak la.

Direktè rejyonal Donetsk la deklare sete "yon lòt zak teworis Ris yo."