Gaza: Defans Sivil Rapòte Gen Omwens 18 Moun Ki Mouri Apre Atak Izrayelyen sou 2 Lekòl

Defans Sivil nan Gaza ke Hamas kontwole, rapòte omwen 18 moun pèdi lavi yo apre atak Izrayelyen yo te fè sou 2 lekòl nan vil Gaza.

Lame Izraelyen an konfime atak sila a sou sant kòmandman mouvman Palestinyen Islamis la.

Mohammad al-Moughayyir pòtpawòl Defans Sivil la te di ke se "Okipasyon Izrayelyen an touye plis pase 18 sitwayen nan atak sou lekòl Al-Zahra ak Abdel Fattah Hamoud" e li te ajoute ke te gen 60 blese.