Opozisyon Venezyelyen an Mande "Piblikasyon Rezilta Definitif" Eleksyon an

Venezuela Election

Reprezantan kowalisyon opozisyon Venezyela rive nan Kou Siprèm lan apre yo te konteste rezilta eleksyon prezidansyèl 28 jiyè a.

Manuel Rosales, gouvènè eta Zulia ki te retire kandidati l pou sipòte sa Gonzalez Urrutia te pale ak laprès deyò tribinal la, e li mande otorite elektoral yo pou "pibliye rezilta definitif yo".

Kandida opozisyon venezyelyen an Edmundo Gonzalez Urrutia, ki fè kwè se li menm ki genyen eleksyon prezidansyèl la, te refize patisipe nan konvokasyon Kou Siprèm nan te fè, nan kad yon pwosedi Nicolas Maduro te lanse pou te valide rezilta eleksyon ke opozisyon an konteste.