Venezyela: Opozisyon an Refize Asiste Konvokasyon Kou Siprèm nan

Venezuelan opposition leader Maria Corina Machado talks to the media, accompanied by opposition presidential candidate Edmundo Gonzalez Urrutia, following the presidential election results in Caracas on July 29, 2024.

Kandida opozisyon Venezyelyen an, Edmundo Gonzalez Urrutia, ki fè kwè se limenm ki genyen eleksyon prezidansyèl la, te di Mèkredi ke li refize patisipe nan konvokasyon Lakou Siprèm nan.

Pwosedi sila te lanse pa Nicolas Maduro pou "valide" rezilta eleksyon yo ke opozisyon an fè kwè pa reflete vwa pèp la.

Nan yon nòt pou laprès ki te pibliye sou rezo sosyal yo, Gonzalez Urrutia deklare "Si mwen ale" nan Tribinal Siprèm (...) "Mwen pral mete libète mwen an danje, men tou, sa ki pi enpòtan: volonte pèp Venezyelyen an te eksprime nan Jiyè 28 pase ".

Kandida ki gen 74 an gen plis pase yon semèn depi li parèt an piblik, pandan ke aktyèl Prezidan peyi a Maduro regilyèman rele l yon "kriminèl".

Lajistis louvri yon ankèt kriminèl kont Mesye Gonzalez Urrutia ak lidè opozisyon an Maria Corina Machado pou " difizyon fo enfòmasyon, ensitasyon nan dezobeyisans lwa yo, ensitasyon nan rezirèksyon, konplo kriminèl".