Latiki Fòmèlman Mande pou Fè Pati Dosye Jenosid Kont Pèp Izrayèl la nan Tribinal Nasyonzini an

President Erdoğan met with Palestinian President Abbas and Hamas Political Bureau Chairman Ismail Heniyye in Ankara

ANKARA, Latiki (AP) — Latiki te depoze yon demann fòmèl devan Tribinal Entènasyonal Jistis la pou rantre nan pwosè jenosid Lafrik di sid genyen kont Izrayèl la.

Anbasadè Latiki nan La Oland te soumèt yon deklarasyon entèvansyon nan tribinal Nasyonzini an nan La Hè Mèkredi.

Latiki se youn nan pi peyi ki plis kritike Izrayèl pou lagè l ap mennen nan Gaza.

Avèk devlopman sa, Latiki se dènye nasyon ki chèche patisipe nan dosye sa kont Izrayèl nan Tribinal entènasyonal la.

Prezidan Tik la, Recep Tayyip Erdogan, te akize Izrayèl la kòmkwa yo tekomèt jenosid, e li te mande pou yo pini l nan tribinal entènasyonal yo e li te kritike nasyon oksidantal yo paske yo te apiye Izrayèl.

Izrayèl te fòtman rejte akizasyon jenosid sa yo.