Venezyela: Lula Mande Dyalòg pou Rezoud Pwoblèm Eleksyon an nan Venezyela

Chile’s President Gabriel Boric meets Brazil’s President Luiz Inacio Lula da Silva, in Santiago

Prezidan peyi Brezil, Luiz Inacio Lula da Silva, mande lendi 5 Dawout la yon dyalòg ant gouvènman venezyelyen an ak opozisyon an nan yon efò pou rezoud tansyon ki genyen nan peyi a apre viktwa Nicolas Maduro nan eleksyon an ke opozisyon an konteste.

Lula te pale konsa pandan yon vizit deta nan Chili, kote li te rankontre ak Prezidan Gabriel Boric.

Lula deklare : "Yon angajman pou lapè se sa nou ap chache, e se pou sa nou ap mande pati yo dyalòge e nap ankouraje konpreyansyon ant gouvènman an ak opozisyon an".