Venezyela: Opozisyon an Mande Lame a pou Vin Bò Kote "Pèp la"

(FILES) Venezuelan opposition presidential candidate Edmundo Gonzalez Urrutia and opposition leader Maria Corina Machado attend a campaign a rally in Maracaibo, Zulia state, Venezuela on July 23, 2024.

Opozisyon an nan Venezyela mande "militè ak polisye" pou yo mete yo bò"kote pèp la" apre opozan yo te konstete re-eleksyon Prezidan Nicolas Maduro, ke Konsèy Elektoral Nasyonal la (CNE) te pwoklame venkè nan eleksyon prezidansyèl la.

Lidè opozisyon Maria Corina Machado ak kandida opozisyon nan eleksyon prezidansyèl la Edmundo Gonzalez Urrutia, yo ekri ansanm nan yon deklarasyon "nouvo gouvènman Repiblik la ki eli demokratikman ofri garanti pou moun ki pral fè devwa yo nan kad konstitisyon an."

Ajitasyon ki vini apre pwoklamasyon viktwa Misye Maduro a te lakoz lanmò 11 sivil, dapre òganizasyon dwa moun.

Msye Maduro, bò kote pa l, anonse lanmò 2 manm gad nasyonal la ak arestasyon plis pase 2,000 moun, e li pwomèt pou l kontinye lage koukou wouj dèyè moun ki ap fè sa li kalifye kòm yon tantativ "koudeta enperyalis".