Venezyela: Otorite Elektoral la di li Remèt Tout Pwosè Vèbal Eleksyon Prezidansyèl yo Bay Kou Siprèm nan

The President of the National Electoral Council (CNE), Elvis Amoroso, gestures during a press conference in Caracas on August 2, 2024.

Prezidan Konsèy Elektoral Nasyonal (CNE) la Elvis Amoroso anonse pandan yon seyans piblik ke li remèt tout pwosè vèbal eleksyon prezidansyèl yo bay Tribinal Siprèm Jistis (TSJ) lan, apre Prezidan Nicolas Maduro te mande Tribinal la pou pran yon desizyon apre opozisyon an te konteste viktwa li.

Misye Amoroso deklare "Tout sa ke pi gran tribinal la te mande, nou remèt yo".

CNE ak TSJ yo tou 2 pwòch pouvwa a dapre opozisyon ak yon gwo pati nan kominote entènasyonal la ki mande piblikasyon dokiman sa yo depi apre eleksyon an, e CNE poko fè sa, li di li viktim pirataj nan òdinatè li.