TikTok Pral Retire Pwogram Rekonpans Pou Itilizatè li yo ann Ewòp

FILE PHOTO: A TikTok logo is displayed on a smartphone in this illustration

Komisyon Ewopeyen an anonse lendi 5 Dawout la ke platfòm rezo sosyal TikTok pran angajman pou l retire nèt ale nan Inyon Ewopeyen an fonksyon nouvo aplikasyon TikTok Lite li a ki rekonpanse itilizatè yo pou kantite tan yo pase devan ekran yo ap sèvi ak aplikasyon an.

Thierry Breton ki se Komisè Ewopeyen pou Digital di "Nou resi fè retire nèt pwogram rekonpans #TikTokLite ki te ka fè moun paka dekole sou Tik Tok," e li te kontinye pou di: "kantite tan jèn Ewopeyen yo genyen pou okipe sèvo yo paka konte kòm lajan pou rezo sosyal yo".