Etazini te eseye negosye liberasyon opozan Ris Navalny ki Mouri nan Prizon

Russia Corruption

Etazini te travay pou Larisi te ka lage lidè opozisyon Alexeï Navalny anvan li te mouri nan prizon, se sa Mezon Blanch di Jedi nan kòmantè sou boukantay "istorik" 24 prizonye ak 2 minè ant Moskou ak peyi loksidan yo.

Konseye pou Sekirite Nasyonal nan Mezon Blanch Jake Sullivan di "Nou te travay ak patnè nou yo sou yon akò ki ta gen ladan Alexeï Navalny men, malerezman, li mouri" nan mwa Fevriye nan sikonstans ki pa klè nan yon prizon nan L arisi”.