Larisi Lage Prizonye Ameriken li te Kenbe yo nan yon Gwo Boukantay Prizonye

US President Joe Biden, standing alongside family members of the freed prisoners, speaks about the prisoner exchange with Russia, in the State Dining Room of the White House in Washington, DC, on August 1, 2024.

Etazini ak 4 peyi alye antann yo ak Larisi sou pi gwo echanj prizonye ki fèt depi fen Lagè Fwad la.

Boukantay la gen ladann 16 moun, pami yo - jounalis Ameriken Evan Gershkovich, dapre sa Lamezonblanch fè konnen Jedi.

Your browser doesn’t support HTML5

Larisi Boukante Prizyone ak Plizyè Peyi Loksidan

Administrasyon Biden nan negosye antant konplike a ak Larisi epi plizyè lòt peyi, kote yo mete yo dakò pou voye 8 prizonye yo kenbe nan l Oksidan tounen Larisi - pami yo gen Vadim Krasikov ki tap pije yon santans avi poutet li te touye yon disidan d orijin Tchechènn ak Jojyen nan vil Berlin.

Negosyasyon yo dewoule an sekrè pandan plis pase yon lane. Li reprezante yon kokenn chenn akonplisman pou pati konsène yo, e administrasyon Biden nan va prezante li tankou yon gwo akonplisman politik etranje, nan moman kous prezidansyèl la ap franchi dènye mwa li yo.