Venezyela: G7 Mande Piblikasyon "Detaye" Rezilta Elektoral yo

Anti-Maduro protests spread as Venezuelan opposition says he stole vote, in Maracaibo

G7 Mèkredi a te mande otorite Venezyelyen yo pou yo "pibliye ak tout transparans rezilta elektoral detaye" vòt prezidansyèl Dimanch la, sa ki, dapre rezilta ofisyèl yo, montre Prezidan Nicolas Maduro genyen eleksyon an.

Peyi G7 (7 pi gwo puisans endustriyalize yo) yo nan yon kominike pou laprès yo te pibliye di:

"Nou envite otorite konpetan yo pibliye ak transparans rezilta elektoral konplè e detaye, epi nou mande reprezantan elektoral yo imedyatman pataje tout enfòmasyon ak opozisyon an ak obsèvatè endepandan yo."