Konsèy Elektoral Nasyonal Venezyela Deklare Ofisyèlman Maduro kòm Gayan Eleksyon an

Venezuela Election

Prezidan Venezyelyen an Nicolas Maduro se gayan ofisyèl eleksyon prezidansyèl ki te dewoule nan peyi a Dimanch.

Anons la vini Lendi, yon jou apre opozisyon politik la ak prezidan aktyèl la te deklare tou le 2 ke se yomenm ki ranpote vot la.

Konsèy Nasyonal Elektoral la, ki lwayal ak pati Maduro a ki o pouvwa a, remèt bay misye yon lot manda 6 ane. (Sa fè 3èm manda li) Pandansetan Maduro ap goumen pou bay ekonomi a jarèt pandan ke popilasyon an ap mande chanjman.

Opozisyon an poko fè komantè.

Lidè opozisyon yo planifye yon konferans pou laprès pi ta jodia.

Manifestan yo te komanse rasanble Caracas, kapital Venezyela epi kèk te eseye bloke otowout yo pou pwoteste kont rezilta eleksyon an.