Izrayèl anonse 11 blese apre yon wòkèt ki te soti nan peyi Liban al frape Golan

Israel Lebanon

Lapolis, lame ak travayè sekouris izraelyen anonse Samdi ke wòkèt ki soti nan Liban e ki al frape Mòn Golan yo ke Izrayèl ke anekse o nò teritwa li, blese omwen 11 moun, pami yo timoun.

Premye rapò yo te di ke doktè yo t ap trete 11 moun, e ke 9 nan yo ki gen laj ant 10 ak 20 tan blese grav.

Lapolis ak lame Izrayelyen konfime ke wokèt frape plizyè sit nan nò mòn Golan yo, yon tèritwa ke Izrayèl te okipe depi an 1967 epi pita te anekse, kidonk deklare kòm yon pati nan teritwa li.