Netanyahu Rankontre Responsab Ameriken yo

This still image taken from an Israeli Government Press Office video shows Israeli Prime Minister Benjamin Netanyahu (L) and his wife Sara (R) being welcomed by former US President Donald Trump at the Mar-a-Lago Club in West Palm Beach, Florida, on July 2

Donald Trump akeyi Premye Minis Izrayelyen an Benjamin Netanyahu lakay li nan eta FLorid, pou premye rankont fas-a-fas yo depi prèske 4 an.

Mesye yo ap chache repare lyen ki te andomaje pandan prezidans li epi prezante tvt li kom alye ak chèf deta. Trump te fache ak Netanyahu poutèt misye te felisite Joe Biden pou viktwa li nan eleksyon 2020 an kote li te fè fas ak Trump.

Rankont Vandredi a taka ede jefo Repibliken yo ap fè pou prezante tèt yo kom pati ki pi lwayal ak Izrayèl.

Pou Netanyahu, reparasyon relasyon ak Trump se yon enperativ - etan done ke misye tak revinn prezidan Etazini - yon peyi ki se prensipal founisè zam ak pwotektè peyi Izrayèl.

Yon lot kote nan Washington, Netanyahu te fè chita tande ak Prezidan Joe Biden ak Vis Prezidan Kamala Harris nan Lamezonblanch Jedi.

Nan komantè li te fè devan jounalis yo, Netanyahu te remèsye Biden pou 50 ane sèvis piblik ak sipo li pou eta Ebre a.

Biden ap mete prezsyon sou Izrayèl pou l siyen yon antant ak Hamas pou lage otaj ki toujou nan men militan yo nan Gaza. Plan li pwopoze a gen 3 faz. Si li reyusi se tap yon gwo akonplisman nan palmarès Demokrat la ki gen 81 an, e ki deside bay kous prezidansyèl la vag epi andose vis prezidan li, Harris.

Lamezon Blanch di yo prèske finn negosye men gen kestyon ki rete pou rezoud.

Vis Prezidan Kamala Harris, ki te rankontre Netanyahu separeman, fè konnen li ankouraje misye pou l antann ni sou plan seselfe a ak Hamas la pi vit posib.

"Ann siyen antan la pou ka gen yon seselfe pou mete fen nan lage a. Ann mennen otaj yo lakay yo epi ann bay pèp Palestinyen an asistans li tèlman bezwen an."

Harris di jounalis yo li te gen yon konvèsasyon "onèt ak konstriktiv" ak Netanyahu Jedi, kote li afime dwa Izrayèl genyen poul defann tèt li men tou, eksprime gwo kè sote li genyen pa rapo ak pakèt moun ki mouri nan Gaza pandan 9 mwa konfli a, epi sityasyon imanitè "ijan" ki egziste lot bo a.

Tout je brake sou prezime kandida prezidansyèl pati Demokrat la. Li reitere an gran pati, mesaj Prezidan Joe Biden nan ki se ke li lè pou fini lagè a men li ofri yon ton pi egzijan e pi ijan nan mesaj pa l.