LaTiki Gen Entansyon Jere Popilasyon Chyen Peyi a

Yon chen peyi repoze nan lari pandan militan kap defann dwa bet yo kenbe yon pannkat ki di "Ou paka koleksyone, anprizone epi touye! #wetire lwa a" pandan yon manifestasyon nan Ankara, LaTiki, 24 Jiye, 2024.

Yon pwojè lwa peyi Tiki ki vize kontwole popilasyon chyen peyi a ki rive plizyè milyon chen taka tounen yon lwa tout bon. Militan kap defann dwa bèt yo gen kè sote leta pral swa touye yo oubyen lage yo nan abri ki deja sichaje kote yo va neglije yo.

Prezidan Recep Tayyip Erdogan, ki dirije pati ki pwopoze lwa a, deklare: "Malgre kèk moun pa okipe pwoblèm nan LaTiki gen yon pwoblèm chen peyi."

Asanble a pral fè yon vot final sou lwa a nan jou kap vini yo.

Gen apepre 4 milyon chen peyi kap sikile nan lari peyi Tiki ak nan zon riral yo.

Anpil nan yo benen - yo pa mòde - men gen lòt ki fòme gwoup epi atake moun.