Kamala Harris di li "Fyè" Genyen Ase Sipò pou Ranpòte Nominasyon Prezidansyèl Pati Demokrat la

Vis Prezidan Kamala Harris (a goch) ak mari li, Doug Emhoff, anvan diskou li pou anplwaye kanpay li nan Wilmington, Delaware, 22 Jiye, 2024.

Vis Prezidan Ameriken Kamala Harris deklare Lendi nan aswè ke li te "fyè dèske li te jwenn sipò ki nesesè pou l vin kandida pati Demokrat la" pou ranplase Joe Biden ki bay kandidati pa li vag.

Daprè medya Ameriken yo, vis prezidan an déjà gen majorite delege Demokrat li bezwen yo.

Delege se moun ki responsab pou nonmen kandida pati a ofisyèlman nan konvansyon an. Harris déjà genyen apeprè 4,000.

Delege sa yo deja anonse entansyon yo pou yo sipòte kandidati Harris la.

Nan yon nòt pou laprès li te di "Mwen ap tann pou m ka aksepte fòmèlman randevou sa a byento".