Kamala Harris Resevwa Sipò 5 Gouvènè, Pami yo Kèk ki Parèt kòm Posib rival

U.S. Vice President Kamala Harris speaks at her Presidential Campaign headquarters in Wilmington

5 nouvo gouvènè Demokrat, pami yo kèk ke pati a konsidere kòm posib rival pou Kamala Harris, pote sipò yo lendi pou vis-prezidan Ameriken an pou ranplase Joe Biden kòm kandida nan eleksyon Novanm nan.

"Mwen byen chofe pou sipòte kandidati Kamala Harris," se sa ki soti anba plim Gretchen Whitmer ki ap gouvène eta Michigan, nan yon nòt pou laprès ke twa lòt gouvènè te siyen. Gouvènè Maryland, Wes Moore, antre kò li tou pou sipòte kandidati vis-prezidan an.