Biden ap rale Kò li nan Kous Prezidansyèl 2024 la. Sak Pral Pase Kounyea?

Foto Achiv: Prezidan Joe Biden ak Vis Prezidan Kamala Harris nan vil Filadelfi, 3 Fevriye 2023.

Prezidan Joe Biden deklare Dimanch lap lage pye l nan kous prezidansyèl 2024 la, sa ki mete Etazini sou yon chimen li poko janm konstate.

Biden andòse Vis Prezidan Kamala Harris kòm kandida prezidansyèl pati Demokrat la ane sa a.

Anvan Biden te pran desizyon li, Reuters te pale ak Elaine Kamarck, yon analis politik wo plase nan Enstiti Brookings ki se yon manm Komite Nasyonal Pati Demokrat la. Li ekri yon liv ki rele "Politik Primè" ki gen pou we ak pwosesis nominasyon an epi sak ta ka pase apre.

Q: Kisak pral pase kounyea?

"Biden pase mwa ki sot pase yo ap ranmase prèske 4,000 delege Demokrat apre li ranpòte eleksyon primè nan eta ak teritwa Ameriken yo.

Nòmalman delege sa yo ta vote pou li kom kandida prezidansyèl ofisyèl pati a nan Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la ki pral dewoule 19-22 Out, men règ yo pa egzije yo fè sa. Delege yo ka vote konsyans yo ki vle di yo ka vote pou yon lòt moun.

Le li rale kò li, Biden efektivman "lage" delege li yo, epi deklanche yon konpetisyon potansyèl ant lot kandida Demokrat yo pou yo pran nominasyon an."

Q: Kiyès ki taka ranplase Biden?

"Plizye kandida taka antre nan kous la.

Vis Prezidan Kamala Harris nan tèt lis la, men li gen pwòp pwoblem pa li apre yon kòmansman ki pat fasil epi apui fèb pami elektè Ameriken yo. Konstitisyon Etazini di vis prezidan an tounen prezidan an si prezidan an mouri oubyen li enkapasite, men li pa di anyen sou sak dwe pase andedan yon pati pou chwazi yon kandida prezidansyèl.

Gouvenè Kalifòni Gavin Newsom, Gouvènè Michigan Gretchen Whitmer, Gouvènè Kentucky Andy Beshear, Gouvènè Ilinwa JB Pritzker se kèk pami moun ki taka ranplase l. Jiskaprezan yo te apiye Biden epi dakò pou travay pou ede l re-eli.

Q: Kijan yo pral chwazi yon kandida?

"Taka gen yon konpetisyon lib ant Demokrat ki gen enfliyans yo ki vle djob la.

Dapre Ballotpedia, yo atann yo aske gen 4,672 delege an 2024. Pami yo gen 3,933 ki pwomèt pou yo apiye Biden, epi gen 739 swadizan sipèdelege - ki se manm wo plase pati a.

Pou asire yon nominasyon kandida a ta dwe genyen yon majorite. Setazi plis vot pase tout lot kandida yo kole ansanm.

E si okenn moun pa atenn objektif sa a, taka gen yon konvansyon negosye, kote delege yo aji tankou ajan lib epi negosye ak lidèship pati a.

Yo ta tabli règ epi yo ta rele chak moun epi mande yo kiyès yo nomen.

Sa ta ka pran plizyè tou anvan yon moun ranpote yon majorite epi genyen nominasyon an. Dènye konvansyon negosye a sete lè Demokrat yo pat resi nomen yon kandida apre premye vot la an 1952.

Q: Sak pral pase lajan kanpay Biden nan antre?

"Kanpay Biden-Harris la gen $91 milyon nan bank lan depi fen mwad Me a, men ekspè sou lwa finansye pa rapo ak kanpay yo pa dakò sou konbyen tan sa pral pran pou lajan an vinn disponib pou yon lot kandida. Puiske non Harris sou dokiman kanpay la, anpil ekspè kwè yo taka transfere lajan an ba li si li se kandida pati a. Men gen deba kap fèt sou si yo ta dwe nomen Biden ofisyèlman pou komanse kom kandida pati a, anvan yo transfere lajan an."