Larisi: RSF Dekri Kondanasyon Repòtè Ameriken an Kòm yon "Pran Otaj"

Russia US Reporter

Jounalis Ameriken Evan Gershkovich ki tonbe anba kondanasyon ak santans 16 ane prizon nan Larisi a se "yon lòt egzanp flagran ki pa akseptab, kote Larisi pran moun ann otaj", se kritik sa ONG ki rele Repòtè San Fwontyè (RSF) fè Vandredi.

"Kondanasyon an (...) se rezilta yon jijman ke moun paka konsidere nan okenn ka kòm jis ni lib. Yo dwe anile vèdik sa a imedyatman," se sa Rebecca Vincent, ki se alatèt kanpay RSF, di nan yon nòt pou laprès.