Fanatik Ajantin Pran Lari pou Selebre Viktwa Ekip yo nan Copa America

Fanatik Ajantin fete devan obelisk la apre ekip yo kale Kolonbi pou pran koup Copa America a nan Buenos Aires, 15 Jiye, 2024.

Fanatik Ajantinn yo pran lari pou selebre viktwa yo nan chanpyona Copa America a. Sityasyon peyi a kounyea pi mal pase jan l te ye sa gen 19 mwa desa le yo te ranpòte Mondyal la epi plizye milyon moun te anvayi yon plas nan Buenos Er pou fete.

Sa gen 2 zan, Ajantinn tap fe fas ak yon kriz - men kounyea to enflasyon an rive 270%. Gen preske 60% popilasyon an - ki se 45 milyon moun - kap viv nan lamize.

Tandiske pou res emisfe Oksidantal la kouwon Copa America a reprezante yon gwo akolad ak akonplisman, pou Ajanten yo li ofri bokou plis pase sa - se yon chans pou yo bliye pwoblem yo pou yon ti tan.