Biden Mande Demokrat yo Sipòte Kandidati li a

US President Joe Biden (L) stands with Bishop Ernest Morris, Sr. during a church service and campaign event at Mount Airy Church of God in Christ in Philadelphia, Pennsylvania, on July 7, 2024.

Lendi 8 jiyè 2024 la, Joe Biden mande Demokrat eli yo, ki te rasanble nan Washington pou yon nouvo sesyon palmantè, pou yo "sipòte" kandidati li a.

Li fè demann sa akoz kanpay li te pran gwo frap apre yon move pèfòmans nan deba prezidansyèl li ak Donald Trump.

Prezidan Ameriken an, nan yon lèt ke li voye bay palmantè yo, deklare "Malgre pale-anpil nan laprès ak lòt kote, mwen byen fèm sou desizyon m pou mwen rete nan kous la," se Biden ki pale konsa, e li di tou « nenpòt jan ke yon moun ta manke konprann travay ki ap tann nou an, sa ta sèlman ede Trump. »