Izrayèl Mennen Operasyon Militè nan Zòn vil Jenin nan Sisjòdani; 5 Palestinyen Tonbe

ISRAEL-PALESTINIANS/WESTBANK-FUNERALS

JERUSALEM (AP) — Lame Izrayelyen an di ke li ap mennen yon operasyon kont teworis ki gen ladann yon frap ayeryen nan zòn nan vil Jenin nan Sisjòdani.

Otorite Palestinyen yo di 5 sitwayen pèdi lavi yo nan operasyon sila.

Lame a di Vandredi sòlda Izrayelyen te "ansèkle yon bilding kote teworis te barikade tèt yo" epi sòlda yo te boukante katouch, lè yon atak aeryen te "frape plizyè teworis ame" nan zòn nan.

Ministè Sante Palestinyen an di 5 moun pèdi lavi men li pa bay okenn enfòmasyon sou idantite yo. Pa te gen plis detay disponib imedyatman nan tou 2 kan yo.