Jij New York ki nan Pwosè kont Trump la Ranvwaye Santans li pou 18 Septanm

Former U.S. President Trump's criminal trial on charges of falsifying business records continues in New York

Jij ki te pwezide pwosè kriminèl Donald Trump pou lajan anba tab ke li te peye aktris pòno a anonse Madi ke li ranvwaye pou 18 septanm santans la ke li te gen pou bay lòt semèn.

Jij la pran desisyon sa yon jou apre Kou Siprèm nan te di ke Trump gen iminite, kidonk pwoteksyon devan lajistis, pou tout aksyon ofisyèl li pandan li te prezidan Etazini.

Tribinal la deklare ke "dat santans 11 Jiyè a anile", epi "ajourne pou 18 septanm si li toujou nesesè".

Nouvo dat la se 6 semèn anvan eleksyon prezidansyèl Ameriken an, 5 novanm 2024.