Ayiti : Premye Minis Conille Pwomèt "Transparans"

US-HAITI-POLITICS-CONILLE

Garry Conille di li pa te ezite aksepte pòs Premye Minis la, malgre jan sitiyasyon peyi a "ekstrèman konplèks", sitou akòz vyolans gang. Li pwomèt pou fè bon jan aksyon ak "transparans", kidonk pou popilasyon an konprann tou sa li ap fè, li te di pawòl sa yo nan yon entèvyou ak AFP Madi.

Doktè Conille, yon ansyen direktè rejyonal pou Unicef, te vizite Washington semèn sa a.

Pandan vizit li nan kapital Etazini an li te pale ak Sekretè Deta Ameriken Antony Blinken sou fòs polis miltinasyonal ke Kenya ap dirije a, apre yon premye kontenjan te rive 25 Jen ann Ayiti pou sipòte lapolis konbat aktivite gang ame yo.

Conille deklare ke nouvo gouvènman pwovizwa li a eritye yon sitiyasyon "ekstrèmman difisil", kote 80% kapital peyi a anba men gang, prèske "600,000 moun kouri kite kay yo, enfrastrikti peyi a pratikman pa egziste ankò, kote gen ministè ki pa gen biwo ankò, anpil anplwaye pa ale nan travay, e kote lapolis bezwen ranfò.”=

Men, li kontan wè "tèt ansanm" ki te pèmèt enstalasyon otorite pou tranzisyon apre demisyon ansyen Premye Minis Ariel Henry ki te lakoz gwo pawol anpil, yon konsèy prezidansyèl tranzisyon ki te fèt nan negosyasyon difisil, men ki te rive nonmen yon gouvènman ki gen pou retabli sekirite ak mennen peyi a sou wout eleksyon.