Fiziyad: 8 Moun Viktim nan Massachusetts Pandan Yon Fèt

Massachusetts-Party-Shooting

METHUEN, Mass. (AP) — Otorite Massachusetts yo di 7 moun te blese ak bal ak yon wityèm ki blese pandan yo tap eseye kouri kite espas kote yo te ye lè kout zam te mare nan yon gwo rasanbleman jèn nan Methuen.

Lapolis di fiziyad la te kòmanse vè 2 di maten apre plizyè santèn jèn te rasanble pou yon fèt "pop-up" sa vle di fèt san zatann, li pat planifye.

Fèt pop up la te òganize sou rezo sosyal yo.

Moun ki soti viktim yo gen laj ant 17 ak 22 an.

2 nan viktim ki blese pa bal yo nan kondisyon kritik. Otorite yo refize fè kòmantè adisyonèl sou sak pase a .

Otorite yo pako met okenn sispè anba kòd, epi yo pa jwenn okenn zam nan espas kote krim nan dewoule.

Vil Methuen sitiye sou fwontyè eta Massachusetts ak New Hampshire.