Gaza: Biden Di Se Hamas ki "Prensipal Obstak" Akò Lapè a

U.S. President Joe Biden arrives for the G7 summit in Italy

Prezidan ameriken an, Joe Biden, akize Hamas kòm "obstak prensipal seselfe a ".

Akò a, ke Etazini patwone, ki gen ladann yon fen nan lagè ant militan Hamas yo ak Izrayèl epi tou liberasyon tout otaj Izrayelyen ki nan men li yo.

Nan konferans pou laprès li te fèt pandan somè G7 la nan peyi Itali, Biden deklare "Mwen te soumèt yon pwopozisyon ki te apwouve pa Konsèy Sekirite a, pa G7 la, pa Izrayelyen yo, e Hamas refize siyen l, menm si yo pwopoze yon bagay ki sanble parèy ".