Blinken di Medyatè yo Pral Kontinye Chache yon Antant sou Seselfe Gaza a

Sekrete d Eta Antony Blinken (mitan) mache anvan li kite vil Doha, Katar, Mekredi 12 Jyen, 2024.

Sekretè d Eta Antony Blinken di medyatè yo pral kontinye eseye jwenn yon antant sou ako seselfe a apre Hamas te pwopoze pou fè plizyè chanjman nan plan sa a ke Etazini apiye.

Blinken deklare Mèkredi ke kèk pami chanjman Hamas yo aplikab e gen kèk ki pa aplikab.

Ale-vini pa rapo ak seselfe a ogmante fristrasyon pati konsène yo ki jwenn anpil difikilte pou yo antann yo pou mete fen nan yon konfli ki dire 8 mwa e ki ratibwaze Gaza nèt. Gen plizyè dizèn milye Palestinyen ki pèdi lavi yo epi Hamas kontinye kenbe otaj Izrayelyen.

Optimis moun te genyen anvan vinn disparèt kounyea akoz gwo diferans ki toujou egziste ant 2 pati yo.