Izrayèl Di L ap Reponn Dan Pou Dan, Kif- Kif, Tout Atak Hezbollah

An Israeli soldier walks near military vehicles, amid the ongoing conflict between Israel and the Palestinian Islamist group Hamas, near Israel's border with Gaza in southern Israel

Ofisyèl Izrayèl Jedi 13 me a deklare yo pral reponn "ak tout fòs" a "tout atak Hezbollah" ta fè kont yo.

Dirijan Izrayelyen yo fè deklarasyon sa yo apre mouvman Islamis Libanè a te tire plizyè wòkèt sou Izrayèl atravè fwontyè yo pandan 2 jou ki sot pase yo.

David Mencer, ki se pòtpawòl gouvènman Izrayelyen an, te deklare nan yon konferans pou laprès: "Izrayèl la pral reponn avèk fòs ak tout atak Hezbollah. "Kelkeswa atravè efò diplomatik oswa otreman, Izrayèl pral retabli sekirite nan fwontyè nò li yo".

Mouvman Islamis Libanè a Hezbollah te lanse nouvo atak wòkèt ak dronn Jedi kont baz ak pozisyon lame Izrayelyen an, apre lanmò youn nan kòmandan li yo nan yon atak Izraelyen.