Jerry West, yon Jwè Basketbòl Lejandè Ameriken, Mouri a Laj 86 Zan

Foto Achiv: Jerry West, yon jwe lejande basketbol Ameriken kenbe twofe Larry O'Brien nan apre ekip Los Angeles Lakers ranpote chanpyona lig NBA la.

Jerry West, ke yo seleksyone pou onore nan Mize Renome Basketbòl Ameriken an 3 fwa nan karyè li, mouri.

Ekip baskètbòl pwofesyonèl Los Angeles Clippers fè konnen West mouri Mèkredi maten e ke madanm ni Karen te bò kote l. Li te gen 86 zan.

Yo te bay West ti non jwèt "Mr. Clutch" akoz fason li te konn choute baskèt nan fen match yo pou ede ekip li ranpote la viktwa. Misye non sèlman pran pri nan NBA a men tou nan Jez Olenpik yo.

Misye te jwe nan match chanpyona "All Star" NBA a tou le 14 sezon antanke jwè pwofesyonèl. Li te ranpòte chanpyona NBA a tou an 1972 lèl tap jwe ak Los Angeles Lakers.

Pi ta West te vinn direktè jeneral ekip Lakers la epi jere ekip la pou ede yo ranpòte 8 chanpyona.