Blinken Lanse Apèl bay Hamas pou l Aksepte Plan Seselfe Konsèy Sekirite LONU Apwouve a

Sekrete d Eta Antony Blinken pale ak lapres apre li finn rankontre fanmi Izrayelyen Hamas kenbe an otaj nan Gaza, 11 Jyen , 2024.

Sekretè d Eta Ameriken Antony Blinken deklare vot konsèy sekirite Nasyonzini an an favè yon plan seselfe pou Gaza ke Etazini apiye rann ni "klè kou dlo kok" ke mond lan apiye plan an.

Blinken mande Hamas pou l aksepte plan an e li di Premye Minis Benjamin Netanyahu reafime angajman li vizavi plan an.

Blinken te pale konsa jodi Madi a nan moman lap fè 8èm vizit li nan rejyon an depi atak Hamas te lanse kont Izrayèl 7 Oktob la.

Hamas byen akeyi vot Konsèy Sekirite a tou e li di li apiye kad jeneral ako a men li vle asirans ke yap aplike l.