Konsèy Sekirite LONU Adopte yon Rezolisyon Seselfe ki Vize Mete Fen nan Konfli Izrayelo-Hamas la

Solda Izrayelyen deplase tou pre fwontye Gaza a, 10 Jyen, 2024.

Konsèy Sekirite Nasyonzuni apwouve premye rezolisyon li ki apwouve yon plan seselfe ki vize mete fen nan konfli Izrayelo-Hamas la nan Gaza kap dewoule depi 8 mwa.

Vot la Lendi, sou yon rezolisyon Etazini patwone te 14-0. La Risi pat vote limenm.

Rezolisyon an akeyi yon plan Prezidan Joe Biden te anonse ke Etazini di Izrayèl aksepte. Li mande pou gwoup militan Palestinyen Hamas la, ki te di pou komanse li te konsidere plan an kom "pozitif" pou l aksepte l. Plan an gen 3 etap ladann. Li ankouraje Izrayel ak Hamas pou yo "mete kondisyon yo an aplikasyon konpletman san pèdi tan e san kondisyon.

Hamas te reponn pi ta pou di li felisite rezolisyon an e li pare pou travay ak medyatè yo atravè negosyasyon ki pa dirèk ak Izrayèl pou mete l an aplikasyon.