Blinken Tounen nan Mwayèn Oryan an

Foto Achiv: Sekrete d Eta Antony Blinken debake Tel Aviv, 16 Oktob, 2023.

Sekretè d Eta Antony Blinken tounen nan Mwayèn Oryan an nan moman yap eseye ankouraje pati konsène yo apwouve yon plan seselfe nan konfli Izrayelo-Hamas la.

Operasyon Izrayèl lanse pandan wikèn nan pou libere kèk otaj Izrayelyen te lakoz yon pakèt Palestinyen te mouri epi mete an danje seselfe a.

Hamas poko bay repons li sou plan li te resevwa sa gen 10 jou desa.

Vizit Blinken nan tanmen Lendi. Se 8èm misyon diplomatik ijan li fè nan rejyon an depi konfli a te komanse nan mwad Oktob 2023. Li pral rankontre Prezidan Ejipsyen Abdel Fattah el-Sissi nan vil Kèr epi apre sa vwayaje Izrayèl, Jodani ak Katar.

Blinken ak lot responsab Ameriken yo bat bravou pou operasyon sekou ki libere otaj yo. Anpil sivil te pèdi lavi yo nan operasyon sa a epi li vinn konplike jefo seselfe a.