Blinken Pral Vizite Mwayen Oryan Semèn Pwochèn pou Pwomouvwa Plan Lapè Izrayèl-Hamas la

Women's History Month AP Photographer

Depatman Deta te anonse Vandredi 7 jen an ke Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken pral vizite Mwayen Oryan an semèn pwochèn pou ankouraje Izrayel ak Hamas siyen yon plan pou yon sispann goumen.

Vizit sa pral fè Blinken wityèm li nan rejyon depi atak Hamas te fè nan Izrayèl nan dat dat 7 Oktòb 2023 a.

Nan vizit li nan rejyon li gen pou li vizite Izrayèl la ak patnè kle Ameriken nan peyi Arab yo, Ejip, ak Katar.

Vizit li ap kòmanse Lendi pou fini Mèkredi, dapre kominike depatman deta a te fè soti.