Fòs Izraelyen-yo Kontinye Ap Pilonnen Rafah ak Frap Aeyen

  • Serge Michel

Smoke rises following Israeli strikes, in Rafah

Pandan pa gen siy pwogrè nan efò medyatè yo pou yo jwenn yon ola nan lagè Gaza a, fòs izraelyen-yo pilonnen Rafah ak frap aeyen e ak atak atè pandan lannwit yè swa a pandan tank t-ap chache vanse plis nan lwès, dapre rezidan yo.

Gwo batay t ap dewoule ant twoup israelyen ak konbatan Palestinyen ki gen Hamas nan tèt-yo.

Rezidan-yo di tank ki pran kontwol arebò fwontyè ak Ejip-la lanse plizyè atak nan direksyon lwès.

Yon Palestinyen di ajans nouvèl Reuters: “Sete youn nan pi move nwit yo, kèk moun blese andan kay yo, anvan yo evakye yo maten an.”