Atak Izrayèl Touye Omwen 30 Moun nan Yon Lekòl Gaza

  • Serge Michel

PALESTINIAN-ISRAEL-CONFLICT

Lame Izrayèl la lanse yon frap aeryen jodi jedi a sou yon lekòl l-ONU nan sant Gaza, kote responsab sante palestinyen yo di 33 moun pou pi piti pèdi lavi yo.

Fòs Defans Izrayèl yo di konbatan Hamas ki te patisipe nan atak 7 Oktòb la kont Izrayèl t ap sèvi ak lekòl la kòm abri e ke yo te dirije atak teworis ladann.

Biwo Hamas pou laprès rejte deklarasyon Izrayèl la e yo di fòs izraelyen yo komèt yon « krim brital » sou moun deplase yo e yo di gen 23 fanm ak timoun pami mò yo.

Pòtpawol lame Izrayèl, Lyetnan kolonèl Peter Lerner, di jounalis ke Izrayèl pa te okouran de okenn sivil ki viktim.

Frap la fèt sou yon lekòl ki anba direksyon ajans l-ONU pou Refijye palestinyen nan Nuseirat.