Meksik: Prezidan Lopez Obrador Bat Bravo pou Eleksyon "Istorik" Premye Fanm nan Tèt Peyi a nan 200 Lane Istwa li

El presidente de México, Andrés Manuel López Obrador, y su esposa, Beatriz Gutiérrez Müller, caminan hacia un centro de votación.

Prezidan Meksik la, Andrés Manuel Lopez Obrador, selebre lendi viktwa "istorik" kandida pati sou pouvwa a, Claudia Sheinbaum, premye fanm ki vin prezidan peyi a, e li konfime tou ke li ap retire kò li nan politik.

Li deklare "Se vrèman yon evènman istorik (...) Epi se pou li klè, se pou moun byen konprann epi tande byen lwen, lè manda mwen bout, mwen pral wete kò m epi mwen pa pral patisipe nan okenn aktivite piblik oswa politik".

Obrador fè deklarasyon sa yo nan konferans pou laprès ke li konn fè chak maten an.