Biden Pral Anonse yon Dekrè Ekzekitif sou Imigrasyon

  • Serge Michel

United States Venezuela Migration

Pou pi piti 2 majistra vil ki sou fwontyè Texas ak Meksik ap mete tèt pou Washington demen madi a lè Prezidan Joe Biden gen pou anonse yon dekrè ekzekitif sou imigrasyon, dekrè ki pwal make dènye plan ki pi agresif li pou redui kantite migran ki ka rive mande azil nan Etazini.

Majistra vil Brownsville, John Cowen, ak majistra bouk Edinburg, Ramiro Garza, yo tou le 2 konfime ke yo te resevwa envitasyon Mezon Blanch pou tande yon anons sou imigrasyon demen madi a. Cowen di ajans nouvèl Associated Press ke li gen entansyon prezante nan okazyon an, pandan Garza di se jodi lendi a li ap gen plis detay sou plan li.

Majistra bouk Eagle-Pass ki sou fwontyè a kote kantite migran ki te travèse te lakoz lese-frape ant otorite eta a ak ororite federal yo sou sekirite fwontyè a, ayè dimanch la li te toujou pa resevwa envitasyon.

--