Jistis: Nan Pwosè Kiminèl Hunter Biden, Tribinal la Koumanse Chwazi Manm Jiri

  • Serge Michel

Hunter Biden arrives for his trial in Wilmington, Delaware

Tribinal koumanse chwazi manm jiri jodi lendi a nan yon pwosè federal sou kesyon zam kont pitit gason Prezidan Joe Biden apre ke yon antant ke li te fè ak avoka gouvènman te kraze. Antant la te vize evite espektak yon jijman toupre ak dat eleksyon 2024 la.

Hunter Biden, ki te pase wikenn nan ak papa l, ap fè fas ak akizasyon nan eta Delaware pou 3 koz kriminèl, soti nan yon acha zam an 2018 lè ke, dapre yon memwa ke li te ekri, li te anba yon esklavaj crack kokayin.

Li anba akizasyon kòmkwa li te bay manti nan deklarasyon devan yon dealer zam ki gen lisans federal, kote li te bay fo deklarasyon nan aplikasyon ki te sèvi pou li gen pèmi pou pote zam, kote li te di ke li pa te konn pran dwòg, e konsa yo akize li ke l te gen yon zam ilegalman pandan 11 jou.

Li plede non-koupab e li di ke Depatman Jistis te vize li yon jan ki pa jis, apre Repibliken yo te kalifye antant ki kraze a kòm yon siy tretman espesyal anfavè li kòm pitit prezidan Demokrat.