Oslo Dakò Pou Ikrèn Itilize Zam Oksidantal yo pou Lanse Atak Andan Larisi

Israel Palestinians UN Security Council

Chèf diplomasi peyi Nòvej la di Jedi ke li anfavè lide pou Ikrèn itilize zam ke loksidan ba li yo pou lanse atak andan Larisi, nan lagè Larisi Ikrèn nan.

Espen Barth Eide di "Nou kwè tou ke Ikrèn gen yon dwa sèten pou li defann teritwa li nan atake Larisi sou teritwa li nan kad lwa entènasyonal."

"Ikrèn ka sèvi ak zam peyi Lwès yo ba li nan lagè nan Ikrèn nan pou atake pozisyon militè ris. San sa, nou enpoze yon limit sou Ikrèn ki fè li pi difisil pou li ranpòte laviktwa".

Nan semèn ki sot pase yo, deba ap fèt pou konnen si wi ou non Ikrèn ka sèvi ak misil loksidan yo pou frape teritwa Larisi.

Kesyon an ta dwe poze ankò nan kapital Tcheki a nan yon reyinyon ki pa ofisyèl ant minis afè etranje peyi Òganizasyon Trete Nò Atlantik la yo ki ap dewoule jedi ak vandredi.