Biden ap Chèche Detounen Atansyon Elektè yo Pou yo Pa Mize sou Konfli Ikrèn ak Gaza

  • Serge Michel

President Joe Biden speaks at the National Memorial Day Observance at Arlington National Cemetery in Arlington, Virginia, May 27, 2024.

Pandan rete 5 mwa pou eleksyon mwa Novanm nan, kote pèsonn pako wè siy yon fen nan lagè Ikrèn ak Gaza, Prezidan Joe Biden ap eseye detounen atansyon elektè yo sou priyorite andan peyi a pito.

Biden, ki te di pandan kanpayli te mennen an 2020, ke pwal fini ak lagè san fen yo, pa prèske pale de defi mondyal ke lame Etazini ap konfwonte, nan diskou gradyasyon ke li te fè samdi a nan akademi militè West Point.

“Pa gen solda ameriken nan lagè Ikrèn nan. Mwen detèmine pou li rete konsa, » Biden deklare. Li ajoute « Men nou anfòm nan Ikrèn. »

Li repete avètisman ke li lanse pandan tout ane kanpay la sou menas ki devan demokrasi Etazini an, ki se yon toya sou rival li, ki ka jwenn nominasyon pati Repibliken an, ansyen Prezidan Donald Trump. Biden di, Trump reprezante yon menas pou enstitisyon demokratik yo nan peyi a.