Espay Rekonèt Ofisyèlman yon Eta Palestinyen

Gouvènman peyi Espay adopte Madi, pandan yon konsèy minis, yon dekrè pou rekonèt ofisyèlman yon eta Palestinyen, dapre sa pòtpawòl gouvènman Pedro Sánchez la anonse.

Nan yon konferans pou laprès Madi 28 Me 2024 la , Premye Minis Panyòl la konsidere ke rekonesans sa a, kowòdone ak Iland ak Nòvèj, se te "yon nesesite" pou "reyalize lapè" ant Izrayelyen ak Palestinyen.