Lapolis Arete Rapez Nicki Minaj Pandan yon Ti Tan nan Ayewopò Amsterdam nan

Foto Achiv: Atis rap Nicki Minaj poze pou yon foto nan seremoni remiz pri MTV yo nan Nouyok, 20 Out, 2018.

Rapez Amerikèn Nicki Minaj anile spektak li te sipoze prezante nan vil Manchester an Angletè Samdi 25 Me a apre yo te arete l nan ayeropò Amsterdam nan anba akizasyon posesyon dwòg leje.

Fanatik ki te kanpe devan stad Co-op Live la di yo "devaste" epi "desi".

"Nou vinn isit pou wè l e kounyea nou paka wè l," yo di jounalis yo.

Lapolis te kenbe chantez la, ki gen 41 an, pandan plizyè hè d tan anvan spektak la te sipoze kòmanse.

Rapez la pibliye yon videyo sou kont Instagram li ki montre anplwaye ayewopò Schiphol Amsterdam lan kap di l ke lapolis vle "fouye tout malèt li yo".

Nan yon lòt videyo, li demanti li tap transpòte okenn dwòg.

Lapolis militè Olandè konfime arestasyon an pou posesyon dwòg men yo pa idantifye l. Yo ajoute ke li ilegal pou transpòte sibstans yo konsidere tankou dwòg leje soti nan Peyi Ba.

Pi ta, lapolis te di ke yo te fè dam lan (rapez la) peye yon amann epi lage li.

Sepandan sa rive 45 minit apre Minaj te sipoze kòmanse pèfòme.

Oganizatè konsè a di nan yon mesaj li pibliye sou rezo X ke yo ranvwaye spektak la malgre tout jefò "Nicki" mennen pou prezante spektak la. Li ajoute biyè yo toujou valid pou pèfomans la ke yo repwograme pou yon lòt dat.