Iran: Otorite Islamis Lage Koukourouj Dèyè Advèsè ki eksprime Kè-Kontan pou Lanmò Prezidan Raisi

  • Serge Michel

Mourners attend a burial ceremony of the late Iran's President Ebrahim Raisi in Mashhad

Otorite islamis yo nan Iran koumanse lage koukou-wouj dèyè advèsè ki eksprime kè-kontan pou lanmò Prezidan Ebrahim Raisi dimanch la nan yon aksidan elikoptè.

Raisi ak lòt gwo chabrak pèdi lavi yo lè elikoptè ki t ap pote yo a te kraze nan move tan nan pwovens Ès Azerbaijan pandan li t ap retounen Teheran apre yon vizit sou fwontyè ak Azerbaijan. Lidè Siprèm Iran, Ayatollah Ali Khamenei, te deklare yon dèy nasyonal 5 jou kòm repons.

Advèsè gouvènman islamis otoritè Iran an yo pa te vle wè Raisi pou wòl li kòm avoka jeneral ki te òdone touye yon mas prizonye politik an 1988 e poutèt li te sèvi ak pouvwa prezidansyèl li pou siprime ak vyolans yon mouvman pwotestasyon pou dwa fanm ki te pete nan tout peyi a vè finisman ane 2022 e ki te kontinye jouk an 2023.